-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- EOC PIO
- [email protected]
- 786-788-5303
Konte Miami-Dade deplwaye premye sekouris pandan Siklòn Milton ap frape Florid
Pandan ke siklòn Milton fè tè tou pre Siesta Key mèkredi 9 oktòb antanke yon tanpèt kategori 3, Konte Miami-Dade rete anba yon avètisman tanpèt twopikal. Avèk van ki depase 100 mil a lè, gwo lapli ak plizyè tònad ke yo rapòte atravè Florid, premye sekouris ki soti nan Florida Task Force One (FL-TF1) sèvis Rechèch ak Sekou Iben (US&R) Depatman Sekou Ensandi Miami-Dade (MDFR), ak Depatman Lapolis Miami-Dade te deplwaye byen bonè maten an pou sipòte efò sekou nan tout Eta a, tankou operasyon rechèch ak sovtaj , ak evalyasyon enfrastrikti. B-roll ak foto disponib anba a.
Majistra Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te deklare: “Miami-Dade pa etranje a devastasyon yon siklòn ki pisan ka pote. Nan moman sa yo, sa raple non ke nou pa janm poukont nou fas a defi sa yo. Menm jan vwazen nou yo ta kanpe bò kote nou, nou ap kanpe tou pou Floridyen parèy nou yo. Mwen reyòlman fyè de gason ak fanm vanyan ki ap travay san rete pou bay soulajman esansyèl nan kominote ki pi afekte yo. Kouraj yo se yon reflè pisans sèvis, fòs ak rezilyans Konte nou an.”
Chèf Sekirite Piblik Konte Miami-Dade la, James Reyes te deklare: “Yon ti tan apre siklòn Milton te fè tè yè swa, Florida Task Force 1 te deplwaye pou ede nan efò enpòtan sekou ak rekiperasyon. Ekip ki gen bonjan fòmasyon nan Depatman Ponpye Miami Dade la pare pou reponn nenpòt kote yo pi bezwen. Nou fyè de devouman yo anvè sekirite piblik, ki reprezante meyè konpetans nan Miami-Dade.”
Rezidan yo dwe kontinye suiv medya lokal yo ak platfòm medya sosyal verifye yo pandan Konte a ap pataje mizajou enpòtan semèn lan.
Enskri pou w resevwa alèt dijans gratis pa mwayen Miami-Dade Alerts nan miamidade.gov/emergency, vizite miamidade.gov/milton oswa telechaje aplikasyon Ready MDC a.
B-roll ak foto: https://www.dropbox.com/scl/fo/dzkpeodkb9awb2u9o7s8m/ADQmLtN_veVGOr0MoJdk4IM?rlkey=lkmv1nvxp57n7rnk1wtr52ayb&e=1&st=cvgemz37&dl=0
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Daniella Levine Cava,Office of the Mayor
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street,
Miami, FL 33128
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.