-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- EOC PIO
- [email protected]
- 786-788-5303
KONTE MIAMI-DADE EGZÒTE REZIDAN YO POU YO METE YO ALABRI EPI LI BAY TOUT DÈNYE ENFÒMASYON SOU SÈVIS KONTE A OFRI
Siklòn Milton se yon trè gran siklòn kategori 3 aktyèlman pandan li ap avanse nan direksyon kòt lès Florid, e nou prevwa li pral fè tè aswè a oswa bonè demen maten. Miami-Dade rete anba yon avètisman tanpèt twopikal ansanm ak yon siveyans tònad. Byenke nou atann nou kounye a lapli ki gen mwens entansite, Milton rete yon trè gran tanpèt e nou dwe prepare pou petèt van fòs tanpèt twopikal ak aktivite tònad posib.
Nou egzòte tout rezidan pou yo pa soti nan lari, patikilyèman aprè 8 è p.m., ki se lè nou atann van fòs tanpèt twopikal pral rive.
Mizajou enpòtan pou rezidan ki abite nan mezon mobil e ki swete evakye: Konte Miami-Dade pral sispann operasyon transpò pou evakyasyon mezon mobil pou mennen moun nan sant evakyasyon an apati 10 è p.m. aswè a. Ou kapab rele 311 pou w mande yo al depoze ou nan yon shèltè jiska 8 è p.m. aswè a. Desizyon sa a vini apre tout dènye enfòmasyon Sant Meteyolojik Nasyonal konsènan lè yo atann van fòs tanpèt twopikal yo va rive a. Nou ap raple rezidan yo pou yo mete yo alabri pi vit posib epi pou yo rete andedan pou asire sekirite pa yo pandan moman sa a.
Mizajou sou lòt sèvis Konte a:
- Sant Operasyon Dijans lan rete aktive pou asire ke Konte a prepare pou reponn sizanka kondisyon yo ta chanje.
- Sèvis esansyèl konte a tankou sèvis dlo ak egou ak sèvis transpò piblik tankou Metrorail, Metrobus, ak Metromover pral fonksyone avèk yon orè nòmal demen 10 oktòb, si tan an pèmèt sa.
- Biwo ak sèvis non-esansyèl gouvènman konte a, tankou koleksyon fatra, Zoo Miami, marina konte yo, ak bibliyotèk konte yo, va rete fèmen demen 10 oktòb, esepte pèsonèl esansyèl yo.
- Ayewopò Entènasyonal Miami rete ouvè epi li ap travay, byenke kèk konpayi avyon ap anile vòl yo. Nou ankouraje vwayajè yo pou yo konfime eta vòl pa yo anvan yo ale nan ayewopò a.
- PortMiami rete sou kondisyon preparasyon pòtyè Yankee. Sou Yankee, Pò a pa pral resevwa okenn batiman ki ap antre nan pò. Tinèl la fèmen epi tout sikilasyon nan pò a dwe itilize pon pò a.
- Tout pon mobil rete fèmen pou sikilasyon bato jiska nouvèlòd.
Premye sekouris ki soti nan sèvis Rechèch ak Sekou Iben (US&R) Depatman Sekou Ensandi Miami-Dade (MDFR), Florida Task Force One (FL-TF1) ak Depatman Lapolis Miami-Dade pwograme pou yo deplwaye pou yo al ede lòt ajans lokal ak ajans Eta a nan efò pou pote sekou nan diferan zòn penensil Florid la ki afekte yo, epi tou pou yo ofri sipò esansyèl, tankou operasyon rechèch ak sekou, evalyasyon enfrastrikti ak distribisyon sekou.
Tout enfòmasyon sou siklòn Milton disponib nan miamidade.gov/milton. Rezidan yo dwe kontinye suiv medya lokal yo ak platfòm medya sosyal verifye yo pandan Konte a ap pataje mizajou enpòtan semèn nan.
Orè travay Sant Kontak 311 pwolonje jiska 12 è a.m. (minui) aswè a. Pou antre an kontak avèk Sant Kontak 311, rezidan yo kapab konpoze 311 nan Miami-Dade, oswa (305) 468-5900 deyò Konte Miami-Dade, oswa 711 sèvis Relè Florid. Espesyalis yo ap pran apèl yo ann anglè, panòl ak kreyòl.
Enskri pou w resevwa alèt dijans gratis pa mwayen Miami-Dade Alerts nan miamidade.gov/emergency, vizite miamidade.gov/milton oswa telechaje aplikasyon Ready MDC a.
Nòt pou laprès:
Nou va jwenn anba la a de lyen pou anrejistreman son Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava.
English SOT: Miami-Dade County Mayor Daniela Levine Cava
Spanish SOT: Alcaldesa de Miami-Dade Daniella Levine Cava
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Daniella Levine Cava,Office of the Mayor
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street,
Miami, FL 33128
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.