-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- EOC PIO
- [email protected]
- 786-788-5303
Nou avèti tout rezidan mete nou prè pou Siklòn Milton
Nou ankouraje tout rezidan pou yo kontinye suiv tanpèt la epi fini fè tout preparasyon pèsonèl pa yo pou siklòn nan. Selon pakou aktyèl siklòn nan, van ki gen fòs tanpèt twopikal (TSFW) ki soti nan silòn Milton ka kòmanse frape sid Florid vè mèkredi maten. Nan moman kounye a, nou ankouraje tout rezidan:
- Rasanble founiti pou siklòn kounye a si nou pat gentan fè sa deja. Asire nou gen founiti (paregzanp: manje ki pa kab peri ak dlo) disponib pou twa jou pou chak moun nan fwaye a;
- Enstale pano pwoteksyon fenèt yo kounye a;
- Plen tank veyikil nou ak gazolin. Si nou ap plen kèk bidon anplis ak gazolin, asire ke nou estoke li nan yon bidon ki apwopriye ak nan yon espas nan kay la ki san danje.
- Darwin Fuchs Pavilion, ki nan adrès 10901 Coral Way, Miami, FL 33165, se yon sant evakyasyon ki aksepte bèt kay ki disponib pou rezidan ki abite nan mezon mobil ki vle relokalize volontèman. Sant evakyasyon an ouvè apati 10 è a.m. jodi a. Pou moun ki bezwen èd transpò pou yo ale nan Fuchs Pavilion, Transpò Piblik Miami-Dade va ofri transpò. Tanpri rele Sant Kontak 311 lan pou fè aranjman pou yo vini chèche w, oswa ranpli fòm sa a sou entènèt. Depatman Transpò ak Travo Piblik deja prepare pou ofri sèvis de 10 è a.m. a 10 è p.m. chak jou selon nesesite a.
- Nou ta dwe gentan sekirize debri kay nou, lakou nou ak konstriksyon nou deja. Tout objè ke van siklòn ta kapab vante pasipala ta dwe gentan mare oswa antre andedan (poubèl fatra, mèb patyo, zouti jaden, jwèt, eksetera);
- Pa taye pyebwa oswa touf raje nan moman sa a. 13 Sant Fatra ak Resiklaj konte a pwolonje orè travay yo epi yo va rete ouvè jiska 7 è p.m. jodi a.
- Ayewopò Entènatyonal Miami rete ouvè men anpil konpayi avyon anile anpil vòl oswa yo pral anile anpil vòl. Vwayajè dwe kontakte konpayi avyon pa yo pou konfime enfòmasyon vòl yo;
- Metrorail, Metrobus ak Metromover kontinye fonksyone ak yon orè regilyè.
- Pon mobil yo va rete fèmen pou sikilasyon bato apati midi jodi a;
- Biwo gouvènman konte a ki pa esansyèl va fèmen apati mèkredi 9 oktòb jiska nouvèlòd, eksepte pou manm pèsonèl esansyèl yo;
- Nou ankouraje biznis prive pou yo voye anplwaye yo lakay yo imedyatman;
- Marina piblik yo ouvè; epi
- N ap raple tout rezidan ke si yo emèt yon òdonans bouyi dlo, dlo a ta dwe bouyi pandan yon minit konplè anvan moun kapab bwè li.
Nou ankouraje tout rezidan pou nou rete branche sou emisyon radyo ak televizyon pou plis detay sou mouvman tanpèt la. Ofisyèl Konte Miami-Dade yo ap siveye sitiyasyon an de prè epi yo va emèt plis anons lè anons yo vin nesesè.
Sant EOC ap kontinye fonksyone a yon Nivo 2, (eta aktivasyon pasyèl). Nan yon Eta Nivo 2, anplwaye Depatman Jesyon Dijan (DEM) ak ajans prensipal e ajans patnè konte a oblije prezante nan sant EOC a.
San Kontak 311 pwolonje orè travay li de 7 è a.m. a 10 è p.m. Pou antre an kontak avèk Sant Kontak 311, rezidan yo kapab konpoze 311 nan Miami-Dade, oswa 305-468-5900 deyò Konte Miami-Dade, oswa 711 sèvis Relè Florid. Espesyalis yo ap pran apèl yo ann anglè, panòl ak kreyòl. Rezidan yo kapab jwenn enfòmasyon sou siklòn Milton nan miamidade.gov/milton.
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Daniella Levine Cava,Office of the Mayor
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street,
Miami, FL 33128
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.