-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- EOC PIO
- [email protected]
- 786-788-5303
Fèmti pon mobil yo ap kòmanse anvan Siklòn Milton
Nan kad preparasyon anvan Siklòn Milton, Konte Miami-Dade, an kowòdinasyon avèk Depatman Transpò Florid (FDOT) ak Gad Kòt Ameriken (USCG), ap kòmanse fèmen tout pon mobil sou Miami River ak ak Vwa Navigab sou Kòt yo. Pon sa yo ap fèmen pou navigasyon maren yon fwa ke blokaj yo fèt epi yo pral rete fèmen pou tout dire move tan an e jiskaske yo ka evalye pou domaj pon mobil yo ak vwa navigab yo.
Nan Konte Miami-Dade, pon mobil sou Miami River ap fèmen sekansyèlman apati de pon nan lwès rive pon nan lès (anwo rive anba). Pon mobil sou Vwa Navigab sou Kòt yo pral fèmen an sekans apati pon ki pi nan sid la pou rive nan pon ki pi nò a.Pon mobil yo va relouvri nan sekans opoze. Pon mobil yo pral re-louvri nan sekans opoze a. Premye pon ki va fèmen se Tamiami Canal Bridge, ansuit 27th Avenue Bridge ak tout lòt pon Miami River yo. Fèmti sa a ap kontinye nan direksyon lès rive nan anbouchi Miami River..
Nan moman sa a, Kapitèn Pò a dwe bay yon avi pou maren yo ke tout pon ki anba kontwòl Gad Kòt Ameriken yo va fèmen nan madi 8 oktòb 2024. Konte Miami-Dade ak FDOT ap prepare pou kòmanse pwosedi fèmen yo a 12 pm madi.
Tout maren dwe chèche yon pò ki an sekirite anvan 12 pm madi.
Pou plis enfòmasyon konsènan fèmti pon Konte Miami-Dade, tanpri rele 311. Nou ankouraje maren yo pou yo tcheke souvan Avi USCG pou Maren souvan pou mizajou ak plis enfòmasyon.
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Daniella Levine Cava,Office of the Mayor
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street,
Miami, FL 33128
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.