-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- EOC PIO
- [email protected]
- 786-788-5303
KONTE MIAMI-DADE OUVÈ SANT EVAKSYON VOLONTÈ POU MOUN MEZON MOBIL
Pandan nou ap kontinye siveye siklòn Milton ak enpak posib li nan Konte Miami-Dade, Majistra Daniella Levine Cava te anonse ouvèti yon sant evakyasyon pou rezidan pak mezon mobil ki ap evakye volontèman.
E. Darwin Fuchs Pavilion, ki nan 10901 Coral Way, Miami, FL 33165, se yon sant evakyasyon ki aksepte bèt kay pou rezidan mezon mobil ki vle relokalize. Sant evakyasyon an ap ouvè a 10:00 am madi 8 oktòb.
Pou moun ki bezwen asistans transpò pou ale Fuchs Pavilion, Miami-Dade Transit ap bay transpò. Tanpri rele Sant Kontak 311 lan pou kowòdone kote pou yo vin pran w. Sant Kontak 311 lan ouvè avèk yon orè pwolonje jiska 10 p.m. aswè a, epi soti 7 a.m. rive 10 p.m. demen 8 oktòb la.
Nou konseye tout rezidan pou yo rete kalm epi rete branche sou nouvèl meteyo radyo ak televizyon ak medya sosyal ofisyèl Konte Miami-Dade pou pwochen anons. Si w ap evakye volontèman epi w gen opòtinite pou w rete kay zanmi w ak fanmi w, nou ankouraje w pou w fè aranjman sa yo.
Si w gen plan pou w relokalize nan sant evakyasyon an, tanpri klike isit la pou w jwenn detay sou sa w dwe pote avèk w.
Tout rezidan ta dwe fini plan preparasyon yo pou pwoteje kay yo epi chèche abri ki kote ki an sekirite.
Pou dènye enfòmasyon ak mizajou, rezidan Konte Miami-Dade ta dwe suiv estasyon radyo ak televizyon oswa vizite http://www.miamidade.gov/milton, rele Sant Kontak 311, epi suiv @MiamiDadeCounty ak @MiamiDadeEM sou X ak Facebook.
NÒT MEDYA: Enstriksyon pou pakin – Tout moun ta dwe antre nan lakou paviyon an atravè Gate 2 ki nan SW 109 Avenue and SW 24 Street.
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Daniella Levine Cava,Office of the Mayor
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street,
Miami, FL 33128
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.