-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Natalia Jaramillo
- [email protected]
Majistra Konte Miami-Dade la deklare Eta Dijans lokal an previzyon arive Siklòn Milton
An previzyon enpak potansyèl sou Konte Miami-Dade akòz Siklòn Milton, Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te deklare yon Eta Dijans Lokal ki an vigè imedyatman. Sant Operasyon Dijans lan va aktive nan yon Nivo 2 apati lendi a 7:30 a.m.pou kowòdone preparasyon ak efò alèjman.
Siklòn, Milton fèk pase nan Kategori 1, li nan sidwès Gòlf Meksik la e li ap deplase nan direksyon lès atravè Gòlf la. Malgre ke pa gen previzyon tanpèt la ap gen enpak dirèkteman sou konte Miami-Dade jiska mitan semèn nan, rezidan yo ta dwe konnen ke yo ka fè fas avèk gwo lapli ak inondasyon dimanch sa a, akòz yon twoub separe nan nòdès Milton.
Majistra Levine Cava te deklare: "Pa prekosyon, mwen deklare yon Eta Dijans lokal pou Miami-Dade pou asire ke nou konplètman prepare pou reponn a nenpòt defi ki ap vini. "Deklarasyon sa a pèmèt nou mobilize resous rapidman, pwoteje rezidan nou yo epi kenbe kominote nou an an sekirite."
Konte Miami-Dade anba yon Siveyans pou Inondasyon sòti dimanch maten jiska jedi maten pandan yo prevwa gwo lapli nan kèk jou ki ap vini yo. Lapli adisyonèl ki asosye avèk Milton, ki ka tonbe nan mitan semèn lan, ta kapab entansifye pwoblèm inondasyon ki deja egziste yo. Konte Miami-Dade ankouraje tout rezidan yo rete vijilan, pandan vag tanpèt danjere ak van ki ka lakoz gwo domaj yo vin de pli zan pli posib, menmsi li toujou twò bonè pou predi nivo egzak enpak la pou Miami-Dade.
Moun ka jwenn Eta Dijans lan, ti konsèy sekirite ak plis enfòmasyon sou preparasyon pou tanpèt isit la.
Nou ankouraje rezidan ak vizitè yo pou yo prepare epi rete enfòme lè yo vizite: miamidade.gov/hurricane
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Daniella Levine Cava,Office of the Mayor
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street,
Miami, FL 33128
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.